juillet 26, 2024
SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Yon chiklèt “chewin-gum” kapab edew konbat souf ki soti nan zonyon an ki konn fè je nou kouri dlo lè nap kalel.

 

Zonyon, lay ak echalot poun site sa yo sèlman, gen kapasite lè yo toujou nan tè a pou kaptire epi estoke nan vyann yo, souf ki genyen nan tè a. Konpoze souf sa yo estoke a tankou yon molekil nan kè manje a yo rele “ vakyòl “. Se konpoze souf sa yo ki bay prodwi sa yo sant inik sa yo genyen an ak gou patikilye a.

Zonyon se yon epis yo renmen itilize nan kwizin pou anpil resèt men souvan lè wap Kale Zonyon je w konn gen tandans fè anpil dlo epi li konn menm boule w akòz rezon nou site piwo a, se sa ki lakoz pifò moun rayi kale zonyon.

Jodia Ou dwe konnen, siw pa vle sa rivew pwochenn fwa wap gen pou w kale yon zonyon, wap jis pran yon CHIKLÈT ou metel nan bouch ou, ou moulen l pandan wap kalel la epi lapè.


RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *