SAW DWE KONNEN Sports

SAW DWE KONNEN

Dimanch kap 20 novanm 2022 an se pral lansman  22zyèm edisyon koup dimond lan. Jan tout moun konn sa, ane sa konpetisyon an ap òganize, nan peyi Qatar.

Kèk enfòmasyon ou dwe konnen sou koup dimond lan.

1) Se fransè Jules Ernest Séraphin Valentin Rimet ki vini ak lide reyalize koze koup dimond. Premye koup dimond  lan reyalize nan lane 1930 nan peyi IRIGWE avèk patisipasyon 13 ekip foutbòl.

2) Nan lane 1942 ak 1946 koup dimond lan te fon ti kanpe akoz dezyèm gè mondyal la ki tap dewoule. Konpetisyon an ta pral reprann nan lane 1950 nan peyi Brezil.

3) Genyen 2 kontinan kap domine koze koup dimond : Se Amerik disid ansanm ak Ewòp. Yo ranpòte tout edisyon yo depi lè konpetisyon an lanse nan lane 1930.

4) Soti lane 1962 kote peyi Brezil te chanpyon  pou rive lane 2006 kote Itali chanpyon, se te toujou yon match vrèman sere ant 2 kontinan yo(si amerik di sid ranpòte edisyon sa, pwochenn edisyon an se ewòp ki pranl)

5) Peyi brezil se sèl peyi ki patisipe nan tout edisyon koup dimond ki déjà reyalize. Li kenbe rekò konpetisyon an kòm ekip ki leve plis koup(li gen 5 antou). Li se tou ekip ki gen plis viktwa nan faz final(73 viktwa pou 109 match) . Se sèl peyi ansanm ak peyi Almay ki genyen koup dimond lan sou pwòp kontinan yo epi kal genyenl sou yon lòt kontinan.

6)  Brezil se peyi ki make plis gòl nan listwa koup di mond (229), devan Almay ki make 226.

7)  Gen 5 peyi ki òganize koup dimond lan 2 fwa lakay yo deja se, Itali, Lafrans, Almay, Meksik ak Brezil.

8) Mario Zagallo ki se brezilyen, alman Franz Beckenbauer ak fransè Didier Deschamps, se 3 ansyen jwè ki chanpyon tou kòm antrenè.

9) Pandan yon koup dimond gen twofe ki bay pou: meyè bitè konpetisyon an (Soulye Dò); meyè jwè a (Balon Dò); pi bon gadyen an (Gan dò); meyè pi jèn jwè an (fòk jwè sa gen mwens pase 21 lane); ekip ki te gen pi bon konpòtman sou teren an (Twofe Fair-Play)

10) Si avèk 25 gòl peyi Almay se peyi ki make plis gòl pandan li tap chanpyon nan lane 1954, peyi Espay rete ekip chanpyon nan yon mondyal ki make pi piti gòl, nan lane 2010 li te sèlman make 8 gòl.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *