février 4, 2023
SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Batay 18 Novanm 1803 a, se dènye batay ki ta pral abouti ak endepandans peyi Dayiti. Batay sa te  mete fas pou fas yon gwoup esklav ki te deside revòlte kont tout move trètman yo tap sibi anba men sila ki te rele tèt yo mèt.

Esklav revòlte sa yo te gen ak yo Jeneral Desalin kòm chèf sitou nevyèm brigad la ki te sou kòmand François Capois.

Chak ane, se yon obligasyon pou tout ayisyen selebre jounen 18 novanm nan, sepandan li pat toujou konsa. Se sèlman nan fen 19e syèk la, yo kòmanse pran abitid an Ayiti pou glorifye chak batay ki te kondwi peyi a sou chimen lendepandans.

Se jis nan lane 1893 « Vètyè » antre nan pwogram eskolè. Batay vètyè a kòmanse jwenn onè nan moman yo tap selebre santan endependans peyi Dayiti, men se sitou nan moman okipasyon amerikèn nan, selebrasyon batay vètyè a vin pran jarèt. Lite vinn tounen yon senbòl batay pou dwa moun epi pou te fè respekte sitwayènte nasyon an.

Se nan lane 1929,  sou prezidans Louis Borno, dat 18 novanm nan te vin deklare jou ferye. Lè sa a, yo te tou pwofite moman an pou enstale yon moniman kote batay vètyè a te dewoule a.

Nan diksyonè fransè a, mo Vètyè a te enkoni anvan ekriven ayisyano-kanadyen Dany Laferrière te rive entegrel nan lane 2019. Nan peyi Dayiti, Vètyè se enkanasyon Viktwa ak libète. Se yon rapèl sou pase Zansèt nou yo kite ranpli ak glwa. Vètyè se yon moman poun rejwenn idantite nasyonal nou.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *