SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

“Si pat gen gwòs tout fanm tap vyèj”
Depi w tande anpil pwovev ap resite, se jounen selebrasyon lang kreyol ki rive.

 

28 oktòb se jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Se yon lang 12 milyon moun sou latè pou pi piti pale.

Lide pou dedye jounen 28 oktòb pou lang ak kilti kreyòl, jwenn orijin li nan yon kolòk ki te dewoule nan peyi Sent lisi nan dat 28 oktòb 1981. Jou sa kreyolofòn ki te prezan yo te deside mete tèt yo ansanm pou kreye mouvman ki pote non «BANNZIL KREYÒL ». 2 lane apre, yo ta pral selebre kreyòl la nan menm dat 28 oktòb la, depi lè sa yo deside kenbe dat sa pou selebre lang ak kilti kreyòl.

Lang kreyòl la inik paskel se melanj ant lang afriken yo ak kèk lang peyi kolon yo te pale tankou fransè, anglè, panyòl ak pòtigè. Esklav yo kòmanse pale kreyòl la pandan 17e syèk la.

Kreyòl la se lang ofisyèl peyi Dayiti depi lane 1987.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *