SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

16 novanm, se jounen entènasyonal pou TOLERANS.

Jounen sa chwazi nan dat 12 desanm 1996 aprè Eta manm UNESCO yo te fin chwazi deklarasyon prensip sou tolerans nan dat 6 novanm 1995.

Jounen entènasyonal tolerans lan son jounen pou raple tout moun TOLERANS pa vle di konplezans ni endiferans. Tolerans se respè ak apresyasyon richès epi divèsite kiltirèl ki genyen nan mond lan, fason chak pèp eksprime l epi konpòte l antan moun.

TOLERANS se rekonèt dwa tout moun epi respekte yo. Se aksepte tout moun lib e libè.

TOLERANS Se sa ki kapab sipòte lavi chak grenn kominote ki ekziste nan mond lan. Kèk metòd (ki pa jeneral yon moun kapab itilize pou kiltive tolerans)

1.    Chache Konnen sa k deranje w la

2.    Analize tout santiman w

3.    Obsève reyaksyon antouraj ou

4.    Chwazi yon atitid pozitif

5.  Toujou eseye mete w nan plas lòt la

6.  Idantifye diferans yo epi ba yo valè

7.    Gade kisa w ka aprann nan sitiyasyon.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *