SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Koup di mond se pi gwo konpetisyon ki ekziste epi ki atire plis fokis sou li. Konpetisyon sa ki kreye nan lane 1930, toujou rekonpanse ekip ki chanpyon an ak yon trofe kifèt ak lò.

Kèk enfòmasyon ou dwe konnen sou twofe sa.

1)Twofe sa peze 6,175Kg, li mezire 36,5 cm, li konpoze ak lò 18 kara.

2) Se yon twofe yo vòlè plizyè fwa déjà. Premye fwa a se te nan lane 1966 pandan yon manifestatyon nan vil Lond, nan peyi Angletè. Apre yon chyen ta pral vinn jwenn li, li te pèdi ankò nan lane 1983 nan peyi Brezil.

3) Ekip ki chanpyon an kenbe twofe orijinal la sèlman pandan yon ti tan apre yo fin ba lil, apresa yo dwe remèt li.

4) Gen yon pwotokòl ki tabli pou twofe koup di mond lan, se pa tout moun ki kapab manyenl. Nan sans sa se sèlman ekip ki chanpyon an, ekip ki te ansyen chanpyon an, chèf deta nan yon peyi epi prezidan FIFA ki ka kenbel.

5) Nan lane 1930 lè koup dimond lan te lanse, twofe an te gen yon fòm ki pa menm jan ak sal gen jounen jodia. Li te reprezante yon deyès grèk ki pote non « NIKE » ki se « deyès ki bay viktwa ». Twofe a te pote non « VICTORY » jouk pou te rive nan lane 1946.

 

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *