SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Kafe pou anpil moun, se pi bon bweson ki te ka genyen. Se yon bweson yo kapab pase tout yon jounen ap bwè, tèlman yo renmenl.

Eske w te konnen kafe ki vann pi chè nan mond lan fèt ak poupou (watè)?

Men sa w dwe konnen!

Kafe sa rele “Kopi Luwak” ousinon “café de civette”. Li fèt ak twalèt yon bèt ki rele « civette » kap viv nan peyi Endonezi. Bèt sa yo renmen manje yon pwodwi ki rele « kafe seriz », lè konsa kafe ki konn pa fin byen dijere epi ki pase nan twalèt yo, fabrikan kafe yo pran l, kitel seche epi yo byen griyenl nan dife pou fèl tounen yon bweson ki pa anmè.

Kafe sa ki fèt ak baz twalèt bèt sa, se kafe yo plis mande nan mond lan e anpil moun pran plezi relel « kakafe ».

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *