SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Bouboun yon fanm fè pati de espas entim li, se yon obligasyon poul  byen pran swen l.

Byen pran swen bouboun ou pèmèt ou non sèlman gen yon konfò pèsonèl epi li bon pou sante w.

Men fòk nou fè atansyon tou pou kèk pratik ousinon jès pa gen vye konsekans sou sante nou afòs nou pratikel chak jou.

Kèk bagay ou DWE KONNEN sou Bouboun.

1) Pou w lave l wap senpman vide yon dlo ki pwòp sou po bouboun nan, sou lèv yo epi wap byen sechel. Fòw toujou netwayel soti anwo pou rive anba sanw pa fè envès la pouw evite pote jèm mikwòb anndan bouboun nan.

2)  Ou pa dwe pote yon tanpon pandan tout lannwit nan moman règ ou pou evite devlope sa ki rele « sendròm chòk toksik estafilokosik (SCT) », ki fasilite toksin TSST-1 an devlope nan bouboun nan epi pase nan san w. Siw mete yon tanpon fok ou chanjel chak 4 èdtan ousinon mete yon kotèks pito.

3)  Toujou sonje al pipi apre w fin fè bagay, pou w evite pran yon enfeksyon nan pipi a. Lè w pipi li pèmèt ou lave irèt la nan elimine bakteri ki te kapab antre. 

4)  Evite raze bouboun nan nèt sitou siw konn gen kèk ti pwoblèm po, siw teka pa raze ditou li tap pi bon. Jès sa kapab irite po a. Lè w itilize razwa menm, sa ka pi mal paske li ogmante risk pou w devlope sa ki rele « poils incarnés- pwèl ki rete anba po a ki pa soti deyò» epi lakòz bouton pouse, saw tande a li ka debouche sou enfeksyon.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *