SAW DWE KONNEN

SAW DWE KONNEN

Menm jan Bouboun yon fanm fè pati de espas entim li e se yon obligasyon poul byen pran swen l, Koulout gason pa yon jwèt, e yo merite byen pran swenl pou yon konfò pèsonèl epi pou sante yo tou.

 

Kèk bagay OU DWE KONNEN sou koulout :

1) Yon koulout ki nòmal se anvan tou yon koulout ki byen lave, ki byen netwaye. Si w pa sikonsi ou gen obligasyon  lè wap lave l pouw byen kale koulout la epi byen savonnenl (evite savonnenl twòp pandan yon jounen sinon po ki sou tèt koulout la ka vin sèch). Yon koulout mal netwaye kapab bay move sant epi kapab lakòz bakteri yo miltipliye ladanl

2) Pantalon ak eslip oswa kalson ki twò sere pa rekòmande pou yon gason mete. Sa kapab aji sou “kalte spèm” gason an ap bay paske spèmatozoyid yo bezwen yon tanperati 33 oswa 34 degre pou yo pwodwi. Pantalon ak eslip oswa kalson ki twò sere tou kapab lakoz po koulout la sibi chofi.

3) Lè wap fè bagay, pran pozisyon ou metrize oswa ou santi walèz ladanl. Anpil gason al nan ijans lopital akòz yon move konpòtman yo te genyen nan moman yo tap fè bagay, sa ki konn lakòz yo blese koulout la. Nou pa di rete sèlman nan yon « sèl pozisyon » men se jis pouw evite pran gwo risk ki ka fatal.

4) Ou dwe evite bat laponyèt twò souvan paske sa kapab lakòz kèk bouton parèt ousinon blesi nan koulout la. Ou kapab genyen doulè akoz mouvman fwote koulout la ki repete twòp.

Li enpòtan poun byen pran swen ògán jenital nou mesye.

 

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *