janvier 28, 2023
Actualité Mot du citoyen

Les mots de Renand Paul

Bonjou / Bonswa tout ayisyen,

 

Jan mwen te dil jou ki te 8 septanm lan nan moman mtap patisipe nan emisyon “Le point” sou Radyo ak Tele Métropole, kriz prensipal peyi a ap viv jounen jodia se rezilta “movèz gouvènans” klas politik la depi anviwon 36 lane.

 

Yo pa janm ka rive jere peyi a an bon “Pères de famille”. Se yon sèl kriz la ki debouche sou tout lòt kalte problèm sosyete a ap fè fas jounen jodia;

 

 

Problèm grangou

Plis pase 6 milyon moun an Ayiti gen problèm pou yo manje you plat manje lakay yo chak jou, nou acheté 80% sa nou konsome nan peyi Repiblik Dominikèn, bidjè fonksyonman palè nasyonal ak primati plis pase bidjè ministè agrikilti, leta neglije sektè agrikòl la kise yon gro mwayen pou bay pèp la manje.

 

 

Problèm sante

Peyi a pa gen lopital pou pran swen pitit li. Se plis pase 32 mil fanm ki al akouche lakay vwazen pandan 9 dènye mwa ki sot pase la yo, paske yo pa kapab jwenn swen an AYITI. Mete sou sa, plizyè dizèn moun kap mouri chak jou nan pi gro sant ospitalye peyi a (lopital jeneral) akòz materyèl doktè yo pa genyen pou bay malad yo swen ka yo merite.

 

 

Problèm edikasyon

Sistèm edikatif ayisyen an febli. Anpil lekòl ak inivèsite ki la pou resevwa pitit pèp la pa sou anyen. Anpil ayisyen oblije al etidye nan peyi Repiblik Dominikèn, yo prefere sistèm edikasyon lakay vwazen pase peyi pa yo AYITI. Sa rive paske pandan 36 dènye ane ki pase la yo, leta pa bay sistèm edikatif la regle anyen pou li.

 

 

Menm yon kanmpous inivèsitè Repiblik Dominikèn konstwi nan limonad, nan Nò peyi a fè nou kado pou 30 milyon dola ameriken, nou kitel ap finn krazé. Sak pi banal la, menm dlo ak papye yo pa mete nan twalèt yo.

 

 

Se menm movèz gouvènans lan ki vinn bay kriz gaz la nap viv jodia

Eske nou wè peyi nan menm rejyon ak nou yo gen problem gaz? Poukisa se toujou an AYITI problèm yo pa janm gen Solisyon?

 

 

SOLISYON PAM POU KRIZ GAZ LA

leta ayisyen dwe retounen ale negosye ak peyi Venezyela ki se bon Zanmi e vrè zanmi pèp ayisyen an. Menm jan peyi Etazini te ale negosye avèk li pandan gè ki genyen ant Risi ak Ikrèn nan ki kreye yon kriz gaz sou mache entènasyonal la, nou kapab al pale ak Venezyela tou.

 

 

Se vre, nan kad dosye PETROCARIBE a nou dwe Venezuela anpil lajan, men nou kapab negosye sou kòman nap kapab peyel dèt sa. E, mwen gen asirans Venezyela ap dakò retounen vann nou gaz la ankò nan yon bon pri epi nap peye mwens lajan poun transpòtel vinn Ayiti.

 

 

Sa ap pèmèt pri gaz la bese nan ponp yo. Lè sa dola ameriken an, ki jwe yon gwo wòl nan varyasyon pri gaz la sou mache a, pap tèlman reprezante yon problèm ankò.

 

 

Problèm dola ki pa disponib sou mache a

Ekip ki sou pouvwa a dwe prese prese retounen sou desizyon Bank Repiblik Dayiti (BRH) te pran POU PA PEYE MOUN YO LAJAN TRANSFÈ YO RESEVWA AN DOLA AMERIKEN.

 

Décision sa ap pèmèt dola besé sou mache a si e sèlman si BRH deside jwe wòl pouvwa kontròl li sou tout bank prive yo kap fè mache nwa ak dola a.

 

 

Depi Gouvènè BRH la rivè kontrole tout bank prive yo chak jou, dola kapab desann menm jan li te DESANN sou prezidan Jovenel Moïse la kotel te gentan rive nan 120 goud pou yon dola. Aprè sanksyon li te fè bank santral pran kont bank prive yo, nou te bezwen 65 goud poun tachte yon dola.

 

 

Senaryo sa posib ankò depi pouvwa an plas la rantre desizyon kite pran pou peye moun yo transfè yo resevwa an goud epi peye yo lajan yo an DOLA AMERIKEN.

 

BRH ap sèlman bezwen mete plis kontròl sou tout bank prive yo chak jou.

 

 

RENAND PAUL,

Sitwayen avize.

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *