Actualité Mot du citoyen

Les mots de Jean Willio Patrick Chrispin

M’PA VLE SA POU PEYI’M.

Sityasyon an malouk. Jodi-a Ayiti pran nan zizirit move elit, move dirijan, move politisyen, move eleman klas mwayèn, move boujwa, move militan dwa moun, move sendikalis, move sosyete sivil, move klas dafè, move klas ekonomik, move politik fiskal, move politik bidjetè, move politik monetè, move boujwazi, oligak konwonpi, move aktè sosyal, move aktè politik, move aktè ekonomik, move aktè petwolye, move aktè kòmèsyal, move gouvènè Bank santwal, movèz gouvènans.

SAK PANDYE SOU TÈT NOU

Malè. Dirijan peyi-a ak politisyen plis oligak yo fè tèlman konplo kont pèp ayisyen nan plonje pèp ayisyen nan mizè, nan chomaj, nan grangou, nan malsite.
Jounen jodi-a pèp ayisyen pran nan angrenaj ensekirite ak kidnapping ke Leta refize pran responsablite pou met sekirite nan peyi-a.
Sitwayen yo rele anmwe kont Leta Ayisyen. Men Leta Ayisyen reponn se pa fòt mwen, mwen gen bon volonte kòm Leta pou byen jere peyi-a nan enterè pèp la, pou mete sekirite nan peyi-a, bay jistis, met lòd nan administwasyon piblik la. Men se dirijan yo ki ap aji nan nom mwen kòm Leta ki pa bon.
Pèp ayisyen di kòm klas mwayèn nan konfòtab ak modèl dirijan sa yo. Moun geto yo ak chofè taksi moto pran batay la ap goumen pou chanjman fèt nan peyi-a.

Kidonk solisyon problèm peyi Dayiti jodi-a se mass popilasyon an k’ap bay li.

Si dirijan sou pouvwa yo ak Klass politik ayisyèn nan pa jwenn yon solisyon jodi-a rapid e vit. Ayiti ap sonbre nan kawo, jenosid, dechoukay katye pa katye. Nan kafou listwa sa manman pitit, papa pitit se rèl ka makorèl.

Kòm sitwayen konsyan pèp ayisyen bouke nan soufri pou manje, pou gazolinn, pou dyezèl, pou lavi chè, pou ensekirite, pou kidnapping. Tout koze sa yo ap fè pèp ayisyen nan tout kwen e rekwen peyi-a pran lari manifeste, kwaze, brize, dechouke tout chèf, tout politisyen, tout oligak, tout moun ki anpeche Ayiti mache byen.

Mwen renmen peyi’m twòp pou’m ta pran plèzi nan malè nasyon an.
Dirijan peyi Dayiti tanpri pran konsyans e tande rezon pou anpeche kòlè pèp ayisyen monte. Tande revandikasyon jis sitwayen yo. Sèlman yo mande pou yo viv tankou moun. Kite pèp la viv.
Pou tout rezon sa yo premye minis Ariel Henry dwe fè repozisyonman politik nan enterè pèp ayisyen.
Jodi-a pèp ayisyen pa nan batay pou pouvwa gwoup monosefal ou gwoup bisefal.

Pèp ayisyen vle chanjman reyèl pou kondisyon lavi li. Pèp ayisyen vle sekirite. Pèp ayisyen vle lajan ameriken desann nan pi ba nivo.
Pèp ayisyen vle jwenn gaz pou chofè kamyonèt, chofè kamyon, chofè bis, chofè moto jwenn gaz pou bwase ak chèche lavi.

Pèp ayisyen vle Leta atravè ministè komès, ministè lajistis, ministè enteryè, jij de pè ak lapolis debake nan tèminal vare, tèminal tò ale joje, teste foure je gade pou wè si konpayi total, dinasa e latriye pa gen gazolinn ak dyezèl sere nan rezèv yo. Pèp ayisyen vle sekirite nan peyi-a.

Pèp ayisyen vle pou li resevwa lajan transfè li an dola.
Pèp ayisyen vle Bank yo sispann rich sou do peyi-a nan espekilasyon.
Pèp ayisyen vle yon gouvènè Bank santwal konpetan, veyatif, dinamik.
Pèp ayisyen vle chanjman otomatik e imedya nan Bank santwal.
Pèp ayisyen kwè gouvènè Bank santwal la nan mare sosis li ak Bank prive yo pou kwaze enterè pèp la.
Pèp ayisyen vle fini ak kidnapping nan.

Pèp ayisyen vle fini ak kowipsyon nan peyi-a.
Pèp ayisyen vle fini ak ensekirite nan peyi-a. Pèp ayisyen vle fini ak lavi chè nan peyi-a. Pèp ayisyen vle sou tout teritwa peyi-a gen yon sèl to dechanj ki respekte e aplike pou tout moun nèt alawonn badè, pit kou powo, zan nannan kou pengwen.
Pèp ayisyen vle arestasyon e jijman tout kontrebandye nan ladwann e tout fwodè fiskal nan DGI.

Pèp ayisyen vle jistis pou tout moun ki viktim. Pèp ayisyen vle moun pouvwa nan peyi Dayiti bay pwovnans richès yo. Pèp ayisyen vle moun opozisyon politik nan peyi-a bay provenans richès yo. Pèp ayisyen vle moun dwa zimen nan peyi-a bay provenans richès yo. Pèp ayisyen vle moun laprès ak lajan yo bay provenans kòb yo nan peyi-a.
Pèp ayisyen vle Ayiti bon Jodi-a.

Pèp ayisyen vle kominote entènasyonal la sispann apiye e sipòte move dirijan nan tèt Leta peyi Dayiti.
Pèp ayisyen vle jwenn jistis pou ansyen Prezidan Jovenel Moïse, pou mèt Dorval, pou moun masak lasalin yo, masak dèlma 32, pou tout lòt moun ki viktim anba zak bandi, kriminèl, asasen, kidnapè elatriye.
Bon konprann lekti politik la jodi-a lèse kwè klèman si rapido presto premye minis Ariel Henry pa vit e prese fè ouvèti andan pouvwa-a pa aplikasyon prensip teyori evakyasyon pou louvri gouvènman an.
Vini ak minis fanm, gason ki gen kosyon, konesans, eksperyans, moralite, pèsonalite ki ka mete sosyete-a an konfyans nan enterè pèp ayisyen.

Ayiti ap tonbe nan dechoukay popipè pi mal, pi rèd pase 7 fevriye 1986. Poukisa paske jodi-a mas popilè-a, pèp ayisyen vle politik dirije peyi-a.
Yo pa bezwen klan ak kouran sou pouvwa ankò nan peyi Dayiti.
Leta Ayisyen an lanbo. Leta Ayisyen delite. Leta Ayisyen fayi. Leta Ayisyen absan. Leta Ayisyen pa byen chwal papa pèsonn moun. Leta se nou. E Leta Ayisyen se pou nou tout. Se nou tout ansanm ki pou mete Men ranmase Leta Ayisyen pou nou fè Leta Ayisyen debou pou fonksyone nan enterè jeneral kolektif pèp ayisyen.

Pou sove peyi-a. Pou nou pa pran nan dechoukay sa. Premye minis Ariel Henry ta dwe tann lamen bay pwotagonis yo pou jwenn yon konsansis ayisyen nan vrè dyalòg fran ayisyen ak ayisyen.
Sòti nan kriz politik sa. Solisyon an se solisyon ayisyèn. Ka, ni pouvwa, ni lopozisyon dwe mete de kote enterè endividyèl, pèsonèl, gwoup, klan pou bay priyorite ak enterè pèp ayisyen.
Konsa, ni pouvwa, ni lopozisyon,ni sosyete sivil pa dwe aji ak òguèy.

Aktè politik yo dwe fè prèv matirite ak konsyans patriyotik pou bay peyi-a yon solisyon ayisyèn rapid, rapid. Nan sa Ayiti ye la jodi-a tout analiz pwouve se kounyela pou dirijan peyi Dayiti aji. Pou Ayiti pa gen eklatman sosyal, jenosid ak dechoucaj.

SA POSIB

Si premye minis Ariel Henry ansanm ak tout rès aktè politik yo gen volonte yo ka retire Ayiti anba malè pandye jenosid, dechoukay ki peze sou tèp peyi-a. Jodi-a Ayiti se yon bonb a retadman ki ka eksploze nenpòt ki jou, nenpòt kilè. Koz move gouvènans Leta Ayisyen pou bay sekirite ak konbat kidnapin.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pou peyi-a toujou gen gaz.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa pèmèt pèp la viv nan sekirite, nan lapè, nan twankilite, nan lanmou, nan limyè, nan solidarite.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen fanmi yo pa gen mwayen pou voye pitit yo lekòl.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa bay jenès la akonpayman ak ankadweman.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa byen jere peyi-a pou lavi chè-a bese.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa kreye kondisyon makwo ekonomik pou pèp Ayisyen travay ak kreye richès.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa gen kontwòl komès nan peyi-a pou kontwole pri pwoduy premyè nesesite yo. Malere pa ka achte. Malere p’ap viv!
Koz move gouvènans Leta Ayisyen peyi-a nan blakawout.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen tranzisyon politik la pa ka fèt.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen eleksyon pa ka fèt.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pataj responsablite pou yon bònn tranzisyon pa fèt.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen bandi bloke wout matisan 4 depatman koupe de kapital pòtoprens e de rès peyi-a.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen avili tèt li kòm Leta paya k’ap detwi lavi pròp sitwayen li.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen pa mete sekirite bandi, kidnapè, gang anvayi, okipe tout teritwa peyi-a.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen ap benyen nan kowipsyon.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen fè peyi-a enjistis.
Koz move gouvènans Leta Ayisyen mete pèp la nan mizè, nan grangou, nan povwete, nan chomaj.
Pou tout rezon sa yo elatriye si otorite anplas yo, elit peyi-a, sosyete sivil ak Klas politik la pa jwenn solisyon jodi-a, deja demen se eklatman sosyal la ak dechoukay jeneral nan peyi Dayiti.

Ke dirijan peyi-a ansanm ak aktè politik yo la pou la jwenn antant ak konpromi pou sove Ayiti de vòlkan popilè sa.
Peyi Dayiti ap vire ron. Siklòn politik 2022-a fè mikalaw nan tout komin yo, nan tout depatman yo, nan tout vil peyi-a. Siklòn politik 2022-a ap pi tèrib ke 7 fevriye 1986.

Nou se Tè Dayiti. Nou se yon pèp. Nou se yon nasyon. Nou se yon peyi.
Ayisyen nan viv ansanm. Mete tèt nou ansanm pou sovgade, prezève ak sove peyi nou Ayiti!

Jean Willio Patrick Chrispin.

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *