Culture

SAW DWE KONNEN

Ann Ayiti tankou anpil lòt peyi nan mond lan, legliz katolik selebre fèt « Sen” premye novanm epi 2 novanm pou “ Mò yo” .

 

Selebrasyon fèt sen yo jwenn orijin li nan lane 998 ak 1031 aprè JeziKris, sou rèy Pap Leon IX.

Se yon pèsonaj kite rele Odilon ansanm ak Abbé de Cluny ki te vini ak lide sa epi te bay lòd pou dat 2 novanm nan kenbe epi konsakre pandan tout jounen li pou rann tout defen omaj.

Nan jou sa, inisyatè yo te bay lòd pou gen yon mès solanèl ki chante nan memwa tout moun ki mouri.

Nan peyi Dayiti, legliz katolik toujou itilize dat premye novanm nan pou yo adrese yo ak tout sen. Se sak fè, jounen sa kote anyen pa fonksyone ladanl nan peyi a, selebre sou non  “La Toussaint”.

Aprè fèt sen yo, jounen ki vin apre a se fèt mò yo epi nan vodou a li konsidere pou fèt gede yo. Pandan jou epsesyal sa yo, Prèt ak metrès vodou yo òganize seremoni kote moun kap patisipe yo pase poud blan nan figi yo, mare tèt yo epi itilize boutèy piman pou lave pati jenital yo.

“ Gede “ yo se lespri lanmò, se sa ki lakoz fèt yo selebre toutswit apre fèt sen yo, kidonk menm jou fèt “lè mò a” .

Lè yap pale sou “Gede” yo fè referans ak Bawon yo, tankou Bawon Samdi, Bawon kriminèl, Bawon simityè, Tipis Lakwa, Jean Simon Brutus ak Grann Brijit. Se nan simityè ou jwenn yo. Se sak fè depi dat sa yo rive, simityè toupatou nan peyi a pa gen kote pou pike zepeng.

RPBS

Related Posts

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *